Lèt sou Dwazimen e asistans entenasyonal pou Ayiti.

Publish Date: 
Friday, August 3, 2012

 Español | Français | English

Chè Kolèg,

M'ap ekri nan non koalisyon Ayiti- e òganizasyon bi baze Etazini-Biwo Avoka Entènasyonal yo, Sant pou dwazimen e Jistis Global, Institi pou Jistis e Demokrasi an Ayiti, Zanmi Lasante, Sant pou Jistis e Dwazimen Robert F. Kennedy, ak Partners In Health-pou'n mande ou pou'w  rele sou peyi ki nan Konferans donatè yo kap fèt sou non peyi Ayiti, pou fè dwazimen prinsip gid asistans entenasyonal pou Ayiti.

Avan tranbleman tè-a, asistans entenasyonal jeneralman pat adrese vyolasyon konstan dwazimen ke pi fò Ayisyen te konn sibi. Twò souvan, yo te konn trete benefisyè asistans yo tankou viktim ki merite charite, olye de moun ki ta dwe gen dwa. Yo te konn ekskli yo nan desizyon ki ka afekte dwa fondamental yo nan zafe la manjay, asistan medikal, dlo, ak lojman.

Pwoblem sa yo enpòtan patikilyeman pou fanm-yo an Ayiti, ki soufri nan yon nivo injis nan zafè vyolasyon dwa ekonomik ak sosyal. Si asistans pa bay nan yon fason bi baze sou dwa moun, gen anpil chans ke li ka irite oubyen ranfòse eksklizyon ak abi dwazimen ki te la avan tranbleman tè-a. A koz de posibilite pou vyolans seksyel, asistans dwe pran an konsiderasyon, an patikilye, efè ke mank la manjay ak dlo gen sou fanm-yo e bezwen pou bay fanm-yo sekirite ak yon kote prive.

Lèt sa ki kole nan email-la, ap mande gouvènman yo pou yo adopte apwòch ki baze sou dwazimen-ki mande pou bay pèp Ayisyen otorite, ranfoseman kapasite gouvènman-an pou garanti dwazimen, e fè asistans transparan e kontwolab ak pèp Ayisyen-pou tout asistans ak Ayiti.

Nou espere ke ou va jwen nou nan apel sa, nan yon fason pou nou ka montre gouvènman donatè-yo ke sosyete global la ini e solidè ak pèp Ayisyen-an. Sipò-ou enpòtan pou fè gouvènman donatè yo asire dwazimen tout Ayisyen, e pou yo pa repete erè pase-yo.

Nou pwal bay mesaj sa ak leta donatè-yo, institisyon finasyè entenasyonal, ak  ofis Nasyon Zini pou Envoye Espesyal en Ayiti le 17 Mas, de semen avan Konferans Donatè-yo nan Oganizasyon Nasyon Zini. Si òganizasyon ou-an vle siyen lèt sa, tanpri voye repons ou bay sepper@exchange.law.nyu.edu avan 17 Mas, 2010 avek non òganizasyon-an, e peyi kote li lokalize. Tanpri, pran nòt ke nou sèlman ka pran siyati òganizasyon, san okenn koreksyon nan lèt sa.

Mèsi,

Working Group(s): 
Country: